Pati 6: Rèy Achazia
Wayòm Juda a
884 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
25 Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye.
1 Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye. 2 Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri. 3 Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal. 4 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li. 5 Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men Siryen yo te blese Joram. 6 Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.
7 Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab.
27 Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.
8 Li te vin rive ke lè Jéhu t ap egzekite jijman sou lakay Achab la, li te twouve chèf a Juda yo avèk fis a frè Achazia ki t ap sèvi Achazia yo, e li te touye yo. 9 Anplis, li te chache Achazia, epi yo te kenbe li pandan li te kache Samarie a. Yo te mennen li kote Jéhu, yo te mete li a lanmò, e te antere li. Paske yo te di: “Li se fis a Josaphat, ki te chache SENYÈ a ak tout kè li a.” Konsa, pa t gen moun lakay Achazia pou te kenbe pouvwa wayòm nan.
28 Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la. 29 Alò, nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.
26 Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la. 27 Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
28 Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram. 29 Konsa, Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.
Wayòm Israël la 885 anvan Christ
Rèy Joram sou Israël la fini
Konplo Hazaël la
7 Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: “Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”
8 Wa a te di a Hazaël: “Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
9 Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: “Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
10 Alò, Élisée te di li: “Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’” 11 Li te gade l byen fiks, jiskaske li te wont. Epi nonm Bondye a te kriye.
12 Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?”
Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”
13 Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?”
Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”
14 Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: “Se kisa ke Élisée te di ou?”
Epi li te reponn: “Li te di mwen ke ou ta asireman vin refè.”
15 Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.