Rebelyon Koré, Dathan ak Abiram (continued)
1489 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di: 2 “Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze. 3 Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li. 4 Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa. 5 Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile. 6 Prèt la va pran bwa sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a. 7 Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an. 8 Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
9 “‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche. 10 Sila ki ranmase sann gazèl la va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a.
11 “‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou. 12 Li dwe pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp. 13 Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
14 “‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou. 15 Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.
16 “‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
17 “‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso. 18 Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye a, oswa sa ki te mouri yon lòt jan an, oswa yon tonm. 19 Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè. 20 Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp.
21 “‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè. 22 Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”
Kenzyèm vwayaj la: soti Rithma pou rive Rimmon-Pérets 1489 rive 1452 anvan Christ
19 Yo te vwayaje soti nan Rithma pou te fè kan nan Rimmon-Pérets.
Sèzyèm vwayaj la: soti Rimmon-Pérets pou rive Libna
20 Yo te vwayaje soti nan Rimmon-Pérets pou te fè kan nan Libna.
Disetyèm vwayaj la: soti Libna pou rive Rissa
21 Yo te vwayaje soti nan Libna pou te fè kan nan Rissa.
Dizuityèm vwayaj la: soti Rissa pou rive Kehélatha
22 Yo te vwayaje soti nan Rissa pou te fè kan nan Kehélatha.
Diznevyèm vwayaj la: soti Kehélatha pou rive sou mòn Schapher
23 Yo te vwayaje soti nan Kehélatha pou te fè kan nan Schapher.
Ventyèm vwayaj la: soti sou mòn Schapher pou rive Harda
24 Yo te vwayaje soti nan Mòn Schapher pou te fè kan nan Harda.
Venteyinyèm vwayaj la: soti Harda pou rive Makhéloth
25 Yo te vwayaje soti nan Harda pou te fè kan nan Makhéloth.
Venndezyèm vwayaj la: soti Makhéloth pou rive Tahath
26 Yo te vwayaje soti nan Makhéloth pou te fè kan nan Tahath.
Venntwazyèm vwayaj la: soti Tahath pou rive Tarach
27 Yo te vwayaje soti nan Tahath pou te fè kan nan Tarach.
Vennkatriyèm vwayaj la: soti Tarach pou rive Mithka
28 Yo te vwayaje soti nan Tarach pou te fè kan nan Mithka.
Vennsenkyèm vwayaj la: soti Mithka pou rive Haschmona
Vennsenkyèm vwayaj la: soti Mithka pou rive Haschmona, oswa Atsmon, oswa Selmona.
29 Yo te vwayaje soti nan Mithka pou te fè kan nan Haschmona.
Vennsizyèm vwayaj la: soti Haschmona pou rive Moséroth
30 Yo te vwayaje soti nan Haschmona pou te fè kan nan Moséroth.
Vennsetyèm vwayaj la: soti Moséroth pou rive Bené-Jaakan
31 Yo te vwayaje soti nan Moséroth pou te fè kan nan Bené-Jaakan.
Ventuityèm vwayaj la: soti Bené-Jaakan pou rive Hor-Guidgad
Ventuityèm vwayaj la: soti Bené-Jaakan pou rive Hor-Guidgad, oswa Gudgoda.
32 Yo te vwayaje soti nan Bené-Jaakan pou te fè kan nan Hor-Guidgad.
Ventnevyèm vwayaj la: soti Hor-Guidgad pou rive Jothbatha
33 Yo te vwayaje soti nan Hor-Guidgad pou te fè kan nan Jothbatha.
Trantyèm vwayaj la: soti Jothbatha pou rive Abrona
34 Yo te vwayaje soti nan Jothbatha pou te fè kan nan Abrona.
Tranteyinyèm vwayaj la: soti Abrona pou rive Etsjon-Guéber
35 Yo te vwayaje soti nan Abrona pou te fè kan nan Etsjon-Guéber.