Yo konsakre Levit yo

1490 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Nonb 8

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”

3 Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. 4 Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.

5 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 6 “Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e fè yo vin pwòp. 7 Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite dlo ki pirifye sou yo. Kite yo pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp. 8 Konsa, kite yo pran yon towo avèk ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche. 9 Alò, ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo. 10 Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo va poze men yo sou Levit yo, 11 epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.

12 “Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo. 13 Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a. 14 Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.

15 “Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la; 16 paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo. 17 Paske tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm. 18 Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo. 19  Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”

20 Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo. 21  Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp. 22 Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo.

23 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a. 25 Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò. 26 Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo konsènan devwa yo.”

Itilizasyon twonpèt an ajan yo

Nonb 10:1–10

1 Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li: 2 Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati. 3  Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a. 4 Men si se yon sèl ki sone, alò, se chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou. 5 Lè nou sone pou avèti, kan ki rete nan kote lès yo, va pati. 6 Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati. 7 Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son avèti yo.

8  Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 9 Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo. 10 “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”

Kijan nwaj la te gide pèp la

Nonb 9:15–23

15 Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten. 16 Se konsa li te ye tout tan. Nwaj te vin kouvri li nan lajounen, e aparans dife a nan lannwit.

17  Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an. 18 Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an.

19 Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati. 20 Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati.

21 Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati. 22 Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.

23  Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.