Lwa jidisyè a (continued)

1491 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Egzòd 23

1 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.

2 Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi. 3 Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a.

4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. 5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.

6 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.

7 Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.

8 Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.

9 Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etranje nan peyi Égypte la.

10 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, 11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan doliv ou yo.

12 Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.

13 Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.

14  Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.

15 Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte.

Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.

16 Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.

17 Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.

18 Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.

19 Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.

20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an. 21 Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.

22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo. 23 Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebizyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt.

24 “Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso. 25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.

27 “Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do. 28 Mwen va voye gèp devan nou pou yo pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou. 29 Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou. 30 Mwen va pouse yo deyò devan nou mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a.

31 “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Euphrate paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.

32 “Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo. 33 Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”

Moïse monte sou mòn nan

Egzòd 24

1 Alò, Li te di a Moïse: “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans. 2 Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”

3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” 4 Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.

Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. 5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.

6 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. 7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

8 Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”

9 Alò, Moïse te pran Aaron, Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 10 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.

12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”

13 Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a. 14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”

15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e nwaj la te kouvri mòn nan.

16 Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.

17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.

18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit.