Premye asanble pèp la
1015 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.
1 Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout tèren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo. 2 Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li. 3 Men Bondye te di mwen: ‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’ 4 Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan. 5 Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël. 6 Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li. 7 Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’”
8 “Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.
9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan. 10 Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktyè a. Pran kouraj e aji.”
1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
2 Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
wè rekonpans a mechan yo.
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14 Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
Pwobableman yon sòm ki soti nan dènye ane lavi David
Yon chan lwanj pa David
1 Mwen va leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
6 Lèzòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10 Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 Pou fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li ak verite yo.
19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men mechan yo, Li va detwi
21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.