Diskou a sou wout pou Gethsémané

Petèt nan lari a

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 15:1–16:33

15:1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.

3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.

5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.

11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.

16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.

18 “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou. 19 Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.

20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi. 21 Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.

22 “Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.

23 “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou. 24 Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.

25 “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’

26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen. 27 E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”

16:1 “Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.

2 “Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. 3 Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. 4 Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.

5 “Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? 6 Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.

7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.

12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.

15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.

16 “Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”

17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?” 18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”

19 Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’

20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.

22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.

23 “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.

24 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.

25 “Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.

26 “Nan jou sa a nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27 Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a. 28 Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”

29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl. 30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”

31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.

33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”