Lanmò Achab
897 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël. 2 Nan twazyèm ane Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la. 3 Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.” 4 Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?”
Josaphat te di a wa Israël la: “Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” 5 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.”
6 Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”
7 Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?”
8 Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.”
Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
9 Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a.”
10 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 11 Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’” 12 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a.”
13 Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: “Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè.”
14 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”
15 Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?”
Konsa, li te reponn li: “Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.”
16 Alò, wa a te di li: “Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
17 Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
18 Epi wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”
19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. 20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”
21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”
22 SENYÈ a te di li: “Kijan?”
Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.”
Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.” 23 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”
24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
25 Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”
26 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a, 27 epi di li: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.”’”
28 Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”
29 Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 30 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.
31 Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
32 Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò. 33 Lè kapitèn a cha yo te wè ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li. 34 Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, paske mwen blese byen sevè.” 35 Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan aswè, li te mouri. San te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a. 36 Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.”
37 Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie. 38 Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, selon pawòl SENYÈ a te pale a.
39 Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 40 Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.
3 Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?”
Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.” 4 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”
5 Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”
6 Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?”
7 Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.”
8 Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.”
9 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 10 Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’”
11 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.”
12 Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.”
13 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.”
14 Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.”
15 Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
16 Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
17 Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?”
18 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li. 19 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay. 20 Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’”
“Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?
21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’
“Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’
22 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”
23 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?”
24 Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.”
25 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a. 26 Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’”
27 Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: “Koute byen, tout pèp la!”
28 Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 29 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la. 30 Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”
31 Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l. 32 Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li. 33 Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.” 34 Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.