Peryòd 1: Soti nan kreyasyon an rive nan delij la
Pati 1: Kreyasyon an
4004 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
6 Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. 7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk dlo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye. 8 Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9 Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. 10 Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. 12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon. 13 Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” 21 Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. 22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” 23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
4 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a te fè tè a avèk syèl la. 5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10 Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a. 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.