Lach la kite kay Obed-Édom

Dezyèm deplasman lach la, soti nan kay Obed-Édom.

1045 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Kwonik Yo 15:1–14

1 Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te monte yon tant pou li. 2 Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”

3 Konsa, David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a. 4 David te rasanble tout fis a Aaron yo ak Levit yo: 5 Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo; 6 fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo; 7 nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo; 8 nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo; 9 nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo; 10 nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.

11 Alò, David te rele Tsadok ak Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab. 12 Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a. 13 Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”

14 Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la.

Yon sòm ki ekri anvan dezyèm deplasman lach la

Yon sòm ki ekri pandan y ap fè preparasyon pou deplase lach la yon dezyèm fwa.

Sòm Yo 132

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,

2 jan li te sèmante a SENYÈ a,

e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:

3 Anverite, mwen p ap antre lakay mwen,

ni kouche sou kabann mwen;

4 mwen p ap kite zye m dòmi,

ni pòpyè zye m fèmen,

5 jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a,

yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.

6 Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata,

nou te twouve l nan plèn Jaar a.

7 Annou antre nan abitasyon Li a.

Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.

8 Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,

Ou menm avèk lach fòs Ou.

9 Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, e

kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.

10 Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.

11 SENYÈ a te sèmante a David anverite.

Sou sila Li p ap fè bak:

“Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.

12 Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak

temwayaj ke Mwen va enstwi yo,

fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”

13 Paske SENYÈ a te chwazi Sion.

Li te vle l pou abitasyon Li.

14 “Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan.

Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.

15 Mwen va beni pwovizyon li ak abondans.

Mwen va satisfè malere li yo ak pen.

16 Anplis, Mwen va abiye prèt li yo ak Sali,

e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.

17 La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt.

Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.

18 Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont.

Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”

II Samuel 6:12–19

12 Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.”

Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan. 13 Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra. 14 Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len. 15 Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.

16 Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l. 17 Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a. 18 Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a. 19 Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.

I Kwonik Yo 15:15–29

15 Fis Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.

16 Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo. 17 Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a; 18 epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo. 19 Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo; 20 epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la; 21 epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an. 22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò. 23 Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la. 24 Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.

25 Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans. 26 Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis sèt towo ak sèt belye. 27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len. 28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita. 29 Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.