Revòlt Schéba, ak grangou a
1022 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
2 Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.
4 Alò, wa a te di a Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.”
5 Konsa, Amasa te ale rele mesye Juda yo, men li te pran reta plis tan ke li te dwe pran an. 6 Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
7 Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 8 Lè yo te la nan gwo wòch ki Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt. 9 Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li. 10 Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 11 Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, kite li swiv Joab.”
12 Men Amasa te kouche tòde vire nan san li nan mitan granchemen an. Epi lè nonm nan te wè ke tout moun te kanpe, li te deplase Amasa soti nan granchemen an rive nan chan an e li te jete yon vètman sou li lè li te wè ke tout moun ki te pase kote li te vin kanpe. 13 Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 14 Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou. 15 Yo te vin fè syèj sou li nan Abel Beth-Maaca. Yo te monte yon ran syèj kont vil la. Li te kanpe rive nan mi ranpa e tout moun ki te avèk Joab yo t ap kraze pou yo fè mi an tonbe.
16 Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.” 17 Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?”
Epi li te reponn: “Se mwen”.
Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.”
Epi li te reponn: “M ap koute.” 18 Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan. 19 Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?”
20 Joab te reponn: “Lwen de sa, lwen de mwen pou mwen ta anglouti, oswa detwi! 21 Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.”
Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”
22 Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt aSchéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem.
23 Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo; 24 epi Adoram te sou travay fòse a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a; 25 epi Scheja te sekretè a e Tsadok avèk Abiathar te prèt; 26 epi Ira, Jayirit la te yon prèt osi pou David.
21:1 Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”
2 Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.) 3 Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni eritaj SENYÈ a?”
4 Alò, Gabawonit yo te di li: “Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.”
Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.”
5 Pou sa, yo te di a wa a: “Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la, 6 kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, sila ki te chwazi pa SENYÈ a.”
Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”
7 Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan. 8 Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la; 9 Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan kòmansman rekòlt lòj la.
10 Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit. 11 Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a, 12 alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a. 13 Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo. 14 Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.