Lis fanmi apa, siksesyon apa ak evènman apa (continued)

Lis fanmi apa, liy siksesyon apa ak evènman apa, yo te pwobableman ajoute lè kanon an te fin konplete.

anviwon 300 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Kwonik Yo 3–4

1 Alò, sila yo se te fis a David ke li te fè Hébron yo. Premye ne a, Amnon, pa Achinoam ak Jizreel; dezyèm nan, Daniel ak Abigaïl, moun Carmel la; 2 Twazyèm nan, Absalom, fis a Maaca a, fi a Talmaï a, wa Gueschur a; katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la; 3 senkyèm nan, Schephatia, pa Abithai; sizyèm nan, Jithream pa Élga, madanm li. 4 Se sis ki te fèt a li Hébron. La, li te renye pandan setan si mwa e li te renye pandan trann-twazan Jérusalem. 5 Men sila ki te fèt a li Jérusalem yo: Schimea, Schobab, Nathan avèk Salomon, kat pa Bath-Schua, fi a Ammiel la; 6 avèk Jibhar, Élischama, Éliphéleth, 7 Noga, Népheg, Japhia, Élischama, 8 Éliada avèk Éliphéleth, nèf. 9 Tout sila yo se fis a David, anplis, fis a ti mennaj li yo; epi Tamar te sè li.

10 Fis a Salomon an: Roboam. Abijah, fis pa li a; Asa, fis pa li a; Josaphat, fis pa li a; 11 Joram, fis pa li a; Achazia, fis pa li a; Joas, fis pa li a; 12 Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a; 13 Achaz, fis pa li a; Ézéchias, fis pa li a; Manassé, fis pa li a; 14 Amon, fis pa li a; Josias, fis pa li a. 15 Fis a Josias yo: Jochanan, premye ne a; dezyèm nan, Jojakim; twazyèm nan, Sédécias; katriyèm nan, Schallum. 16 Fis a Jojakim yo: Jéconias, fis li a, avèk Zedekiah, fis li a. 17 Fis a Jéconias yo, prizonye a: Schealthiel, fis li a, 18 epi Malkiram, Pedaja, Schénatsar, Jekamia, Hoschama ak Nedabia. 19 Fis a Pedaja yo: Zorobabel avèk Schimeï. Fis a Zorobabel yo: Meschullam avèk Hanania; epi Schelomith, sè pa yo; 20 avèk Haschuba, Ohel, Bérékia, Hasadia, Juschab-Hésed, senk. 21 Fis a Hanaja yo: Pelathia avèk Ésaïe; fis a Rephaja yo, fis a Arnan yo, fis a Abdias yo, fis a Schecania yo. 22 Desandan a Schecania yo se te Schemaeja ak fis a Schemaeja yo, Hattusch, Jigueal, Bariach, Nearia ak Schaphath, sis. 23 Fis a Nearia yo: Eljoénaï, Ézéchias ak Azrikam, twa. 24 Fis a Eljoénaï yo: Hodavia, Éliaschib, Pelaja, Akkub, Jochanan, Delaja ak Anani, sèt.

4:1 Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal. 2 Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo. 3 Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi. 4 Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem. 5 Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara. 6 Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo. 7 Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan. 8 Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.

9 Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”.

10 Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.”

Epi Bondye te bay li sa li te mande a.

11 Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon. 12 Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo. 13 Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath. 14 Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan. 15 Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz. 16 Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel. 17 Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa. 18 Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach. 19 Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo. 20 Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth. 21 Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo, 22 avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen. 23 Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li. 24 Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül. 25 Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a. 26 Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a. 27 Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo. 28 Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual, 29 nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad, 30 nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag, 31 nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la. 32 Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo; 33 epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo. 34 Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a; 35 epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la; 36 Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja, 37 Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a. 38 Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil. 39 Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo. 40 Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, peyi a te vast e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham. 41 Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo. 42 Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a. 43 Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.