Sòm sou Detrès, Sitou Pandan Kaptivite a (continued)
Sòm yo te ekri pandan detrès ak afliksyon legliz la, sitou pandan kaptivite nan Babylone.
539 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a
1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,
pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten
avèk fidelite Ou nan lannwit,
3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,
avèk mizik ki retanti sou lir.
4 Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.
Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.
5 A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ!
Panse Ou yo byen pwofon.
6 Yon nonm ensanse pa gen konesans,
ni yon nonm bèt pa konprann sa:
7 Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la,
e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo,
se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
8 Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.
9 Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ,
paske gade byen, lènmi Ou yo va peri.
Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
10 Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon.
Mwen te onksyone avèk lwil nèf.
11 Epi zye mwen vin gade avèk kè kontan
malfektè ki leve kont mwen yo.
12 Moun dwat la va fleri tankou palmis.
Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.
Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye.
Yo va plen ak dlo bwa vèt.
Y ap rete vèt nèt.
15 Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.
Li se wòch mwen,
e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
93:1 SENYÈ a renye!
Li abiye an majeste!
SENYÈ a te abiye Li ak fòs.
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li pa ebranle menm.
2 Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.
Ou la depi nan etènite.
3 Flèv yo te leve, O SENYÈ,
Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
4 Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde,
SENYÈ anwo a pwisan.
5 Regleman Ou yo kanpe nèt;
Sentete byen bèl lakay Ou a
O SENYÈ, jis pou tout tan.
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 A Ou menm, mwen leve zye mwen,
O Ou menm ki chita sou
twòn Ou nan syèl la!
2 Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo,
Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li,
Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras,
paske nou ranpli ak mepriz.
4 Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo,
avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.