Pwofesi pou ansyen Jwif yo (continued)
593 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël: 3 Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo. 4 Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò. 5 Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’
6 “Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè. 7 Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”
8 Ankò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 9 “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale SENYÈ a:
“Yon nepe! Yon nepe!
Li file e anplis, klere!
10 File pou fè yon masak,
klere pou tire kon kout loray!
Èske se konsa nou dwe fè kè kontan?
Baton fis Mwen an, kondane dènye pyebwa a.
11 Li fèt pou li ta poli,
pou yo kab manyen li.
Nepe a file e poli,
pou plase nan men a sila k ap touye a.
12 Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm;
paske li kont pèp Mwen an,
li kont tout prens Israël yo.
Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an.
Akoz sa, frape kwis ou.
13 “Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondane a pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.
14 “Pou sa, ou menm, fis a lòm,
pwofetize e bat men ou ansanm.
Kite nepe a vin double pou twazyèm fwa a,
nepe pou tout sila ak blesi fatal yo.
Se nepe pou gran an ki pote yon blesi fatal.
Nan chanm yo l ap antre.
15 Pou kè yo ka fann, e anpil moun
tonbe sou pòtay yo, Mwen te plase nepe klere a devan tout potay yo.
Ah! Li fèt pou frape tankou loray;
li byen pwenti ak lentansyon fè masak.
16 Rasanble nou menm.
Ale adwat!
Pozisyone ou byen alinye!
Ale agoch,
nenpòt kote ou gade.
17 Anplis, Mwen va bat men M ansanm;
Mwen va satisfè chalè kòlè Mwen.
Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale li.”
18 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 19 “Pou ou menm, fis a lòm, fè de wout pou nepe wa Babylone nan kapab vini. Toulède va sòti nan yon sèl peyi. Epi fè yon endikasyon sou poto bwa. Fè l nan tèt wout pou antre nan vil la. 20 Ou va trase wout la pou nepe a vin rive nan Rabbath a fis a Ammon yo, e vè Juda, nan Jérusalem fòtifye a. 21 Paske wa Babylone nan te kanpe nan kote wout yo divize a, nan tèt a de wout yo, pou fè sèvis divinò. Li te souke flèch yo, li konsilte zidòl lakay yo, li egzamine fwa a. 22 Sou men dwat li, osò a te parèt; ‘Jérusalem,’ pou monte ak gwo mòso bwa long pou kraze pòtay yo, pou ouvri bouch pou masak la, pou leve vwa gwo kri batay la, pou mete gwo bout bwa long yo kont pòtay yo, pou monte ran syèj yo, pou bati yon miray syèj. 23 Epi sa va pou yo kon yon fo divinasyon nan zye yo. Yo te fè sèman solanèl, men li mennen inikite nan memwa yo, pou yo ka vin sezi yo.
24 “Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou, nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt. Konsa, pou tout zak nou yo, peche nou vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men an va vin sezi nou.
25 “‘Epi ou menm, O nonm mechan an ak blesi fatal la, prens Israël la, ou menm ak jou ki rive a, nan moman pinisyon final lan. 26 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Leve sa ki ba e bese sa ki wo. 27 Mwen va boulvèse, boulvèse, boulvèse tout sa a. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sila ki gen dwa a, vini, e Mwen va bay li a Li menm.”’
28 “Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo:
“Yon nepe, yon nepe fin rale!
Li klere pou masak la,
pou fè l konsonmen nèt,
pou li kapab tankou loray.
29 Pandan yo wè pou ou fo vizyon yo,
pandan yo devine manti pou ou,
pou mete ou sou kou a mechan ki gen blesi fatal la,
jou a sila ki fin rive a, nan lè pinisyon final la.
30 Remete li nan fouwo a.
Nan plas kote ou te kreye a,
nan pwòp peyi ou an, Mwen va jije ou.
31 Mwen va vide kòlè Mwen sou ou.
Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen
e Mwen va livre ou nan men a lèzòm brital yo;
sila ak gran kapasite pou detwi.
32 Ou va vinbwa sèch pou dife a;
san ou va vide nan mitan peyi a.
Yo p ap sonje ou ankò;
paske Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.”’”
22:1 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo. 3 Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye! 4 Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo. 5 Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen twoub.
6 “‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an. 7 Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou. 8 Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo. 9 Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd. 10 Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. 11 Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li. 12 Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13 “‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou. 14 Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji. 15 Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou. 16 Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
17 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan. 19 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem. 20 Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou. 21 Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li. 22 Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”
23 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 24 “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’ 25 Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li. 26 Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo. 27 Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt. 28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale. 29 Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
30 “Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn. 31 Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.