Pwofesi kont Sédécias ak fo pwofèt yo (continued)

Divès pwofesi kont Sédécias, fo pwofèt yo, Jérusalem ak nasyon Jwif yo.

594 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 18–19

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di:

‘Papa yo manje rezen si yo,

epi dan timoun yo va kanpe apik’?

3 “Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. 4 Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.

5 “Men si yon nonm dwat

e li aji ak jistis ak ladwati,

6 pou l pa manje nan lotèl mòn yo,

ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—

7 Si yon nonm pa oprime okenn moun,

men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,

epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou

e kouvri moun toutouni ak rad,

8 si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis,

si li gade men l pou l pa fè inikite,

e egzekite yon vre jistis antre moun ak moun,

9 si li mache nan règleman Mwen yo,

ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;

li se yon moun dwat,

e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.

10 “Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,

11 o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo,

men li konn manje kote lotèl mòn yo

e souye ak madanm a vwazen li,

12 Oprime malere ak endijan,

te fè vòl desepsyon an,

pa remèt sa li pwomèt,

epi te leve zye li a zidòl,

te komèt abominasyon,

13 te prete lajan sou enterè

pou l pran benefis sou malere;

èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.

14 “Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e lè l wè sa, li fè lakrent pou l pa fè menm jan.

15 “Li pa manje nan lotèl mòn yo

ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

16 Ni oprime okenn moun,

ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè,

ni pa vòlè, men li bay pen li a moun grangou yo

e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,

17 Li retire men li sou malere a,

li pa egzije enterè, ni pwofi,

men li fè règleman Mwen yo

e mache nan lòd mwen yo;

li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv. 18 Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.

19 “Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv. 20 Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.

21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”

24 “Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.

25 “Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo? 26 Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a. 27 Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. 28 Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. 29 Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32 Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”

19:1 “Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo, 2 Epi di:

‘Kisa manman ou te ye?

Yon manman lyon pami lyon yo!

Li te kouche pami jenn ti lyon yo;

pami jenn lyon yo, li te leve pitit li yo.

3 Lè l te fin leve youn nan pitit li yo,

pitit la te devni yon lyon.

Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje;

li te devore moun.

4 Alò, nasyon yo te tande de li;

li te vin kaptire nan twou fòs pa yo,

e yo te mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.

5 “‘Lè manman lyon an te wè ke li te tann,

men ke espwa li te vin pèdi,

li te pran yon lòt nan pitit li yo,

e te fè l vin yon jenn ti lyon.

6 Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo.

Li te devni yon jenn ti lyon.

Li te aprann jan pou kenbe viktim li.

Li te devore moun.

7 Li te konnen gran palè yo,

e li te devaste vil yo.

Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt,

akoz son a gwonde li.

8 Nasyon yo te atake li tout kote

soti nan pwovens yo.

Yo te ouvri filè yo sou li.

Li te vin kaptire nan twou fòs yo.

9 Yo te mete li nan yon kalòj ak kwòk,

e te mennen li kote wa Babylone nan.

Yo te mennen li andedan fò yo

pou vwa l pa tande menm ankò

sou mòn Israël yo.

10 “‘Manman ou te tankou yon lyann

nan san ou an.

Li te plante bò kote dlo.

Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.

11 Li te gen branch ki dyanm,

ki ta ka sèvi pou baton wa yo.

Wotè li te leve pi wo nwaj yo

pou moun ta ka wè l

nan tout wotè li ak tout branch li yo.

12 Men li te vin rache ak kòlè.

Li te jete atè nèt,

epi van nan lès te seche fwi li yo.

Gwo branch dyanm li yo te vin rache.

Yo te fennen.

Dife te manje yo nèt.

13 Epi koulye a, li vin plante nan dezè a,

nan yon peyi ki sèch e ki swaf.

14 Dife a fin gaye nan tout branch li yo.

Li te konsonmen boujon ak fwi li yo,

jiskaske pa t gen ladann yon branch

ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’

Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”