Pwofesi kont Sédécias ak fo pwofèt yo (continued)

Divès pwofesi kont Sédécias, fo pwofèt yo, Jérusalem ak nasyon Jwif yo.

594 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 13–15

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a: 3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen. 4 O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze. 5 Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a. 6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”

8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”

10 “‘Akoz, anverite yo te egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho. 11 Donk, pale a sila ki randwi li ak lacho yo, ke li va tonbe. Yon inondasyon lapli va vini, e nou menm, o gran lagrèl, va tonbe. Yon van vyolan va pete l. 12 Gade byen, lè miray la fin tonbe, èske yo p ap mande nou: “Kote lacho ke nou te sèvi nan randwi li a?”

13 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè yon van vyolan vin pete nan kòlè Mwen. Anplis, va genyen nan mekontantman Mwen, yon inondasyon lapli ak lagrèl pou konsonmen li nèt ak gwo laraj. 14 Konsa, Mwen va demoli miray ke nou te kouvri ak randisaj la jis rive atè, jis fondasyon li yo fin ekspoze nèt. Epi lè l tonbe, nou va vin manje nan mitan li. Epi nou va vin konprann ke se Mwen ki SENYÈ a. 15 Se konsa, Mwen va pase kòlè Mwen sou miray la ak sou sila ki te fè randisaj ak lacho sou li yo. Mwen va di nou, ‘Miray la pa la ankò, ni bòs randisaj yo pa la ankò. 16 Konsa ak pwofèt Israël sa yo ki pwofetize a Jérusalem yo, ki te fè vizyon lapè pou li yo, lè pat gen lapè a,’” deklare Senyè BONDYE a.

17 Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo, 18 pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm? 19 Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”

20 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo. 21 Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 22 Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove, 23 pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

14:1 Epi kèk nan ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m. 2 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 3 “Fis a lòm, mesye sila yo te fin etabli zidòl pa yo nan kè yo. Yo te mete yo toudwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite, a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe koute kesyon yo? 4 Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, ki mete dwat devan figi l, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, va vin bay li repons sou sijè a, an akòd ak fòs kantite zidòl li genyen yo, 5 pou M ka kenbe kè lakay Israël la, tout ki byen lwen M akoz zidòl yo.”’”

6 “Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”

7 “Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M. 8 Mwen va pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

9 “Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël. 10 Yo va pote frè inikite yo. Jan inikite a sila k ap mande l pale a, se konsa inikite a pwofèt la va ye, 11 pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò, e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen, e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”

12 Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, e te di: 13 “Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li, e koupe retire nèt de li, ni lòm, ni bèt. 14 Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwòp nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.

15 “Si Mwen te fè bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo, 16 menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt.

17 “Ni, si Mwen ta mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’— 18 menmsi, twa mesye sila yo te nan mitan l, kon Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo, men se sèl yo menm ki ta delivre.

19 “Oswa, si M ta voye yon gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann— 20 menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”

21 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li! 22 Malgre sa, gade byen, gen yon retay ki va pote soti ladann, ni fis, ni fi. Gade byen, yo va vin parèt vè ou menm e ou va wè kondwit ak zèv yo. Konsa ou va vin rekonfòte pou gwo malè ke M te mennen sou Jérusalem nan, pou tout bagay ke M te mennen sou li yo. 23 Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè anyen san koz,” deklare Senyè BONDYE a.

15:1 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 Fis a lòm, kisa bwa chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo? 3 Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso? 4 Si yo te mete li nan dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay? 5 Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!

6 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo. 7 Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo. 8 Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.