Yo akize Paul devan Félix pou soulèvman kont otorite yo

Yo akize Paul devan Félix, gouvènè Juda a, pou soulèvman kont otorite yo.

58 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 24:1–21

1 Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a. 2 Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a, 3 nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans. 4 Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.

5 “Paske nou twouve nonm sila a yon vre pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo. 6 Li te menm eseye souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li. 7 Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.

8 “Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.”

9 Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vre.

10 Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen. 11 Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore. 12 Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni koze okenn boulvèsman. 13 Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.

14 “Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vre ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo. 15 Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo. 16 Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.

17 “Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann mwen. 18 Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie— 19 ki ta dwe prezan devan ou pou fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen. 20 Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la, 21 ot ke sèl pawòl sa a ke m te rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”

Yo kenbe Paul nan prizon jouk Festus vini

Apre anpil konvèsasyon ak Félix, yo kenbe Paul nan prizon jiskaske Porcius Festus rive.

Travay 24:22–27

22 Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”. 23 Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.

24 Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a. 25 Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.” 26 Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.

27 Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.

Paul fè apèl devan Anperè a 60 apre Christ

Jijman Paul devan Festus, kote li fè apèl devan Anperè a.

Travay 25:1–12

1 Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.

2 Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè 3 ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.

4 Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè. 5 “Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”

6 Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.

7 Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li ke yo pa t kab pwouve.

8 Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”

9 Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”

10 Men Paul te di: “Mwen kanpe devan tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an. 11 Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”

12 Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.”