Pati 2: Yo bay Moïse yon misyon

Misyon yo bay Moïse kòm anvwaye Bondye.

1491 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Egzòd 3:1–4:28

1 Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.

2  Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.

3 Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”

4 Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!”

Li te di: “Men Mwen.”

5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.” 6 Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.”

Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.

7 SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo. 8 Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo. 9 Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a. 10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”

11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”

12 Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”

13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”

14 Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”

15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.

16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.

17 “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”

18 “Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’ 19 Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs. 20 “Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.

21 “Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid. 22 Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”

4:1 Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”

2 SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?”

Epi li te di: “Yon baton.”

3 Li te di: “Jete l atè.”

Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.

4 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.”

Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.

5 “Pou yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”

6 SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj.

7 Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.

8 “Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan. 9 Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan va vin tounen san sou tè sèch la.”

10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”

11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bèbè, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? 12 Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”

13 Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”

14 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.

15 “Ou gen pou pale avèk li, e mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè. 16 “Anplis de sa, li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li. 17 Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”

18 Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.”

Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”

19 Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”

20 Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l. 21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale. 22 Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. 23 Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”

24 Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li. 25 Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.” 26 Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”

27 Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li. 28 Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.