Moïse monte mòn Nebo pou l mouri

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Detewonòm 32:48–52

48 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di: 49 “Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an. 50 Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a; 51 akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo. 52 Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”

Moïse beni pèp la

Detewonòm 33

1 Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li. 2 Li te di:

“SENYÈ a te sòti nan Sinai,

e te parèt sou yo soti nan Séir.

Li te briye soti nan Mòn Paran.

Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen.

Nan men dwat Li, te gen yon lalwa

byen cho ki te pou yo.

3 Anverite, Li renmen pèp la.

Tout sen li yo nan men Ou.

Sou pye Ou, yo tout pwostène.

Yo te resevwa pawòl Ou yo.

4 Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa,

eritaj pou asanble Jacob la.

5 Epi Li te wa an Israël

lè tèt a pèp la te rasanble

tout tribi a Israël yo ansanm.

6 Ke Ruben viv e pa mouri;

ni ke moun li yo pa manke.”

7 Sa se pou Juda: Li te di,

“Tande O Israël vwa Juda,

e mennen li vè pèp li.

Avèk men li, li te lite pou kont li.

Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”

8 A Lévi, li di:

Thumim nan avèk Urim nan

apatyen a sèvitè fidèl Ou,

ou te pase li a leprèv nan Massa,

avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.

9 Li te di de papa l avèk manman l:

“Mwen pa t wè li.”

Li pa t rekonèt pwòp frè pa li,

ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou

e te kenbe akò Ou.

10 Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob,

e lwa Ou a Israël.

Yo va mete lansan devan Ou,

ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.

11 O SENYÈ, beni abilite li yo,

e beni zèv men li yo.

Kase ren a sila ki leve kont li yo,

e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.

12 A Benjamin, li te di:

“Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li,

paske Li pwoteje li tout lajounen.

Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”

13 A Joseph, li te di:

“Peyi li se beni pa SENYÈ a

ak lawouze presye ki soti nan syèl la,

e avèk dlo pwofon ki anba,

14 pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,

15 pou pi bèl bagay a mòn ansyen yo,

pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,

16 pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l,

ak favè a Sila ki te demere nan touf bwa brile a.

Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la,

sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.

17 Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li.

Kòn li yo se kòn a bèf mawon.

Avèk yo, li va bourade pèp yo,

jis a sila a ki nan pwent latè yo.

Sila yo se di-mil a Ephraïm yo.

Yo se milye a Manassé yo.”

18 De Zabulon, li te di:

“Rejwi, Zabulon lè nou soti,

ak Issacar nan tant nou yo.

19 Yo va rele nasyon yo vini nan mòn lan.

La, yo va ofri sakrifis ladwati,

paske yo va rale abondans lanmè

ak trezò ki kache nan sab yo.”

20 De Gad, li te di:

“Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo;

li kouche ba tankou yon manman lyon,

pou l dechire bra a oswa tèt la.

21 Premye pati li fè pou kont li,

paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève.

Epi li te vini avèk chèf a pèp yo.

Li te egzekite jistis a SENYÈ,

òdonans Li yo avèk Israël.”

22 De Dan, li te di:

“Dan se pòtre a yon lyon

ki vòltije sòti nan Basan.”

23 De Nephtali, li te di:

“O Nephtali, satisfè avèk favè,

ranpli avèk benediksyon SENYÈ a,

Kon eritaj, vin pran pati lwès la, ak sid la.”

24 De Aser, li te di:

“Pi beni pase fis yo se Aser.

Ke li kapab beni pa frè li yo.

Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.

25 Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz.

Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.

26 Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la,

ki monte sou syèl yo pou rive ede nou,

e ki travèse syèl yo nan majeste Li.

27 Bondye etènèl la se kote pou nou kache.

Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.

Li te chase lènmi an devan nou;

Li te di: ‘Detwi!’

28 Konsa, Israël viv ansekirite,

sous Jacob ki mete apa a,

nan yon peyi sereyal avèk diven nèf.

Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.

29 Beni ou ye, O Israël!

Kilès ki sanble avèk ou,

yon pèp delivre pa SENYÈ a,

ki se pwotèj k ap ba ou sekou a

ki se nepe a majeste ou?

Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou,

e ou va foule wo plas yo.”

Moïse mouri, epi pèp la nan dèy

Detewonòm 34

1 Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan, 2 epi tout Nephtali avèk peyi Ephraïm ak Manassé ak tout peyi Juda jiska lanmè lwès la, 3 epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar.

4 Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”

5 Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a. 6 Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a.

7 Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli. 8 Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.

9 Alò, Josué, fis a Nun nan, te ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

10 Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas, 11 pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout tèritwa li a, 12 epi pou tout gran pouvwa ak tout gran laperèz ke Moïse te montre devan zye a tout Israël.