Lwa divès, lwa moral ak lwa seremoni
1490 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk Aaron, avèk fis li yo e ak tout fis Israël yo. Di yo: ‘Se sa ke SENYÈ a te kòmande e te di: 3 “Nenpòt moun ki sòti lakay Israël ki touye yon bèf oswa yon jenn mouton, oswa yon kabrit nan kan an, oswa touye li deyò kan an, 4 epi ki pa t pote li nan pòtay tant asanble a pou prezante li kòm yon ofrann a SENYÈ a devan tabènak SENYÈ a, koupabilite vèse san an va kontwole sou moun sila a. Li te vèse san e moun sa a va koupe retire de pèp li a. 5 Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a. 6 Prèt la va flite san an sou lotèl SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, e li va ofri grès la nan lafimen kòm yon bagay santi bon bay SENYÈ a. 7 Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.”’”
8 “Epi ou va di yo: ‘Nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami nou yo, ki ofri yon ofrann brile oswa yon sakrifis, 9 epi ki pa mennen li nan pòtay tant asanble a pou ofri li bay SENYÈ a, moun sila a osi va koupe retire de pèp li a.
10 “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ 11 Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an. 12 Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’
13 “Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, li va vide san li e kouvri li avèk tè. 14 Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.
15 “Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp. 16 Men si li pa lave oswa benyen kò li, li va pote koupabilite li.”
18:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 3 Pinga nou fè sa ki te fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo. 4 Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 5 Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.
6 “‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.
7 “‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
8 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.
9 “‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
10 “‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
11 “‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
12 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.
13 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
14 “‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.
15 “‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.
16 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.
17 “‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
18 “‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
19 “‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.
20 “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
21 “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.
22 “‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.
23 “‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.
24 “‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi. 25 Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò. 26 Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo 27 (paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi); 28 pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo.
29 “‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a. 30 Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”