Lwa divès, lwa moral ak lwa seremoni (continued)
1490 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 “Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch. 3 Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an. 4 Men si moun nan peyi a ta janm tolere moun sa a lè li bay nan pitit li yo bay Moloc, e pa mete l a lanmò, 5 alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.
6 “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.
7 “‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
8 “‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo. Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an.
9 “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.
10 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.
11 “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.
12 “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.
13 “‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.
14 “‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se konwonpi. Yo tout va brile avèk dife pou mechanste pa rete nan mitan nou.
15 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la.
16 “‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.
17 “‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.
18 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.
19 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo.
20 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li. Yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit.
21 “‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab. Li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit.
22 “‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa krache mete nou deyò. 23 Anplis, nou pa pou swiv koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo. 24 Konsa Mwen te di nou: “Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo.
25 “‘Se konsa ke nou gen pou distenge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp. 26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”
21:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a, 2 sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li, 3 ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l. 4 Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li.
5 “‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo. 6 Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.
7 “‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a. 8 Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen.
9 “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.
10 “‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li. 11 Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li. 12 Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a.
13 “‘Li va pran yon madanm ki vyèj. 14 Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a. 15 Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”
16 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 17 “Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri manje bay Bondye li a. 18 Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme, 19 yon nonm pye kase oswa men kase, 20 yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje. 21 Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a. 22 Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an. 23 Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
24 Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.