Lèp Marie a

1490 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Nonb 12:1–15

1 Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit; 2  Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.

3 Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.

4 Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti. 5 Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. 6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv. 7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen; 8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”

9 Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati. 10 Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj.

Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp. 11 Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. 12 O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”

13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”

14 Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.” 15 Konsa Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.

Katòzyèm vwayaj la: soti Hazeroth pou rive Rithma

Katòzyèm vwayaj la: soti Hazeroth pou rive Rithma (Nonb 33:18), oswa Paran (Nonb 12:16), oswa Kadès-Barnéa (Nonb 32:8).

Nonb 33:18

18 Yo te vwayaje soti nan Hatséroth pou te fè kan nan Rithma.

Nonb 12:16

16 Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.

Yo voye espyon yo 1489 anvan Christ

Nonb 13

1 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2  Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.

3 Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.

4 Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a; 5 soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a; 6 pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a; 7 pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la; 8 pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan 9 pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a; 10 pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a; 11 pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a; 12 pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a; 13 pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la; 14 pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a; 15 pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.

16 Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué. 17 Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo. 18 Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun. 19 Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò? 20 Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.

21 Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan. 22 Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.) 23 Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans. 24 Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo. 25 Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo. 26 Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a. 27 Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.

28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la. 29 Desandan a Amalek yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebizyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”

30 Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”

31 Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.” 32 Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran. 33 La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”