Lwa sou fèt, ve, bagay konsakre ak ladim
1490 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.
3 “‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
4 “‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo. 5 Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a. 6 Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven. 7 Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di. 8 Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
9 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la. 11 Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè. 12 Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a. 13 Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven. 14 Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.
15 “‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè. 16 Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a. 17 Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a. 18 Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a. 19 Nou va osi ofri yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè. 20 Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la. 21 Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.
22 “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
23 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen. 25 Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
26 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 28 Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an. 29 Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a. 30 Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a. 31 Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo. 32 Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
33 Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 34 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a. 35 Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn kalite travay ki di. 36 Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
37 “‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li— 38 apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
39 “‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solanèl nan premye jou a, e yon repo solanèl nan uityèm jou a. 40 Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou. 41 Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a. 42 Nou va viv nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo, 43 pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
44 Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo tout lè ki te deziye pa Bondye yo.
24:1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 Kòmande fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil klè ki sòti nan oliv ki te bat yo, pou limyè, pou fè lanp lan briye san rete. 3 Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan. Sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo. 4 Li va kenbe lanp an lòd sou chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan.
5 Konsa, nou va pran farin fen an e fè douz gato avèk li: de dizyèm pati yon efa va sèvi nan chak gato. 6 Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou tab lò san tach ki devan SENYÈ a. 7 Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 8 Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo. 9 Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofrann ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.
10 Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo. Konsa, fis a fanm Izrayelit la ak yon mesye peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an. 11 Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan. 12 Yo te arete li pou lòd SENYÈ a ta kapab vin klè a yo menm.
13 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di: 14 “Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch. 15 Ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon moun modi Bondye li a, alò, li va pote peche li. 16 Anplis, sila ki blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.
17 “‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò. 18 Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi. 19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm: 20 zo kase pou zo kase, zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm. 21 Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò. 22 Va gen yon sèl règleman pou nou. Li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
23 Konsa, Moïse te pale a fis Israël yo. Yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.