Lwa pou sakrifis yo

1490 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Levitik Yo 1–3

1 Alò, SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di: 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan twoupo a, oswa nan bann mouton an.

3 “‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a. 4 Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li. 5 Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a. 6  Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso. 7 Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a. 8 Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk grès ren an sou bwa ki sou lotèl la. 9 Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

10 “‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo. 11 Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la. 12 Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la. 13 Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

14 “‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon. 15 Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule sou kote lotèl la. 16 Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas sann yo. 17 Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.

2:1 “‘Alò, lè yon moun prezante yon ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li. 2 Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. 3 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.

4 “‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. 5 Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil. 6 Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal. 7 Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil. 8 Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la. 9 Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. 10 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.

11 “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a. 12 Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la. 13 Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.

14 “‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofrann premye fwi yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofrann premye fwi yo. 15 Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal. 16 Prèt la va ofri nan lafimen pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.

3:1 “‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li san defo devan SENYÈ a. 2 Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la. 3 Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo, 4 epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo. 5 Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

6 “‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo. 7 Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. 8 Epi li va poze men li sou tèt ofrann li an e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. 9 Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo. 10 Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo. 11 Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

12 “‘Anplis, si ofrann li an se yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. 13 Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. 14 Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, 15 ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo. 16 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; tout grès se pou SENYÈ a.

17 “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”