Lwa pou sakrifis yo (continued)
1490 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.
2 “‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab. 3 Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab. 4 Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo. 5 Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va konfese nan sa ke li te fè peche a. 6 Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.
7 “‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile. 8 Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a san ke li pa fin separe li nèt. 9 Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche. 10 Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone.
11 “‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche. 12 Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche. 13 Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’”
14 Answit SENYÈ a te pale avèk Moïse e t ap di: 15 “Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktyè a kòm yon ofrann koupabilite. 16 Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.
17 “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li. 18 Li dwe, alò, pote bay prèt la yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan tò li ladann li te fè peche san movèz entansyon, e pa t konnen sa a, e li va padone. 19 Li se yon ofrann koupabilite. Sètènman, li koupab devan SENYÈ a.”
6:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, 3 oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; 4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, 5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a. 6 Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. 7 Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a, e li va padone pou nenpòt nan bagay sa yo ke li te fè pou vin koupab.”
8 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse, e t ap di: 9 “Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li. 10 Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la. 11 Answit, li va retire vètman sa yo pou mete lòt vètman. Epi li va pote sann yo deyò kan an nan yon plas ki pwòp. 12 Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo. 13 Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen.
14 “‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la. 15 Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a. 16 Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a. 17 Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a. 18 Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Nenpòt moun ki touche yo va sen.’”
19 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 20 “Sa se ofrann ke Aaron avèk fis li yo dwe prezante bay SENYÈ a nan jou ke li onksyone a: dizyèm nan yon efa farin fen kòm yon ofrann sereyal nòmal, mwatye nan li nan maten e mwatye nan li nan aswè. 21 Li va prepare avèk lwil nan yon pwalon. Lè li fin byen vire, ou va pote li. Ou va prezante ofrann sereyal la an mòso boukannen kòm bon sant bay SENYÈ a. 22 Prèt onksyone a ki nan plas li pami fis li yo va ofri li. Pa yon òdonans pèmanan, li va ofri tout nèt nan lafimen bay SENYÈ a. 23 Konsa, chak ofrann sereyal va konplètman brile nan lafimen bay SENYÈ a.”
24 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 25 “Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout. 26 Prèt la ki ofri li pou peche a va manje li. Li va manje yon kote ki sen, nan galeri a tant asanble a. 27 Nenpòt moun ki touche chè li va vin sen. Lè kèk nan san li vin gaye sou yon vètman, nan yon lye sen, ou va lave sa ki te gaye sou li a. 28 Osi po ajil ladann li te bouyi a va kraze; epi si li te bouyi nan yon veso an bwonz, alò li va lave byen lave, e rense nan dlo. 29 Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Li pi sen pase tout. 30 Men okenn ofrann peche ki te gen san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife.