Lwa pou Israël lè yo fin pran Canaran
Lwa sou konduit fis Israël yo apre yo fin pran posesyon Canaran.
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
50 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di: 51 Pale avèk fis Israël yo e di yo, “Lè nou fin travèse Jourdain an pou antre nan peyi Canaran an, 52 alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo.
53 “Konsa, nou va pran posesyon peyi a pou viv ladann. Paske Mwen te bay peyi a a nou pou posede li. 54 Nou va eritye tèren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.
55 “Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a. 56 Epi li va rive ke sa M te anvizaje fè yo, M ap vin fè l nou.”
34:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.
3 “Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. 4 Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. 5 Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè.
6 “‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.
7 “‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. 8 Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. 9 Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
10 “‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. 11 Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la. 12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
13 Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. 14 Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. 15 De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17 “Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. 18 Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
19 “Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.
20 “Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
21 “Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. 22 Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
23 “Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
24 “Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
25 “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
26 “Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
27 “Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
28 “Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
29 Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.