Peryòd 2: Soti nan gaye a letranje a rive nan Exode la
Pati 1: Lang yo mele epi limanite gaye
Tou Babel la
2234 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo. 2 Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.
3 Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye. 4 Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
5 SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. 6 Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. 7 Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
8 Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la. 9 Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou sifas a tout tè a.
Tablo nasyon yo
1 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.
2 Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
3 Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
4 Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
5 Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan tèritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.
6 Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
7 Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
8 Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè. 9 Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
10 Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. 11 De tèritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, 12 Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la.
13 Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. 14 Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
15 Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth; 16 epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo, 17 Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo, 18 avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou.
19 Tèritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
20 Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon tèritwa yo, selon nasyon pa yo.
21 Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. 22 Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.
23 Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
24 Arpacschad te fè Schélach, epi Schélach te fè Héber.
25 Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
26 Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, 27 Hadoram, Uzal, Dikla, 28 Obal, Abimaël, Séba, 29 Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan. 30 Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, tèritwa mòn lès la.
31 Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon tèritwa yo, selon nasyon yo.
32 Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.
Jeneyaloji Sem 2348 anvan Christ
10 Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la. 11 Epi Sem te viv senk-santan dèzane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
12 Arpacschad te viv trann-senk ane, lè l te vin papa a Schélach. 13 Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
14 Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber; 15 epi Schélach te viv kat-san-twa-lane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
16 Héber te viv pandan trann-kat ane, lè l te devni papa a Péleg; 17 epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
18 Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu. 19 Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
20 Rehu te viv pandan trann-de ane, lè l te vin papa a Serug. 21 Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
22 Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor. 23 Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
24 Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach; 25 epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
26 Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.