Fanmi Juda

1718 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 38:6–30

6 Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar. 7 Men Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.

8 Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.” 9 Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li. 10 Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.

11 Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.

12 Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès a lanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.

13 Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Thimna pou taye lenn mouton li yo.” 14 Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.

15 Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li. 16 Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”

17 Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.”

Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”

18 Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm. 19 Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.

20 Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li. 21 Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”

22 Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”

23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”

24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.”

Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”

25 Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”

26 Juda te rekonèt yo, e te di: “Li pi jis pase mwen, paske mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.

27 Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li. 28 Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”. 29 Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets. 30 Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li Zerah.

Yo mete Joseph nan prizon

Jenèz 39:7–23

7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “Vin kouche avè m.”

8 Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. 9 Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” 10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avè l, oswa pou li ta rete avè l.

11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. 12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.

13 Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò, 14 li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò. 15 Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”

16 Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la. 17 Alò, li te pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m, 18 men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.” 19 Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.

20 Konsa, mèt Joseph la te pran li e te mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye. Epi li te la nan prizon an. 21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.

22 Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab. 23 Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.