Josué fin konkeri Canaan

Yo fin konkeri Canaan.

1445 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Josué 11

1 Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph, 2 ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès, 3 vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye Mòn Hermon nan peyi Mitspa a. 4 Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.

5 Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.

6 Alò, SENYÈ a te di a Jousé: “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”

7 Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo. 8 SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo. 9 Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.

10 Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo. 11 Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.

12 Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a. 13 Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile. 14 Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.

15 Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

16 Konsa, Josué te pran tout tèritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen an, ba plèn nan, Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li, 17 soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.

18 Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo. 19 Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo. 20 Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

21 Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo. 22 Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.

23 Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.

Josué 8:30–35

30 Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan Mòn Ébal. 31 Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo. 32 Josué te ekri la sou wòch yo yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.

33 Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la. 34 Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a. 35 Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.