Jésus avèti disip yo pou yo pa abandone li

Apre Judas fin ale, Jésus avèti disip yo (Pierre an patikilye) pou yo pa abandone li, pandan yo tout ap deklare avèk fòs yo fidèl avè l.

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 26:31–35

26:31 Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’

32 Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”

33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”

34 Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”

35 Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.

Marc 14:27–31

14:27  Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswè a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje a atè, e mouton yo va gaye’.

28 “Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”

29 Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”

30 Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”

31 Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.

Luc 22:31–38

22:31 Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble. 32 Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”

33 Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”

34 Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”

35 Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.

36 Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte yon nepe. 37 Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou akonpli.”

38 Yo te di: “Senyè, gade, men de nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”

Jean 13:31–38

13:31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li. 32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”

33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

36 Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: “Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”

37 Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mwen va bay vi m pou Ou.”

38 Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”

Jésus etabli seremoni souvni an ak pen ak diven

Jésus etabli seremoni souvni kote yo manje pen epi yo bwè diven.

Jérusalem. Aswè anvan krisifiksyon an

Matthieu 26:26–29

26:26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout;

28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”

Marc 14:22–25

14:22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”

23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann.

24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”

Luc 22:17–20

22:17 Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm. 18 Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”

19 Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”

20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.