Jérémie plenn sò peyi li ki devaste (continued)
588 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 A la briyans lò a vin bese!
Lò pi a pa menm ankò!
Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.
2 Pyè presye a fis a Sion yo;
ki gen valè kon lò fen,
gade kijan yo konsidere kon veso tè,
travay a potye a!
3 Menm chen mawon yo konn bay tete;
yo kite pitit yo souse yo.
Men fi a pèp mwen an te vin mechan
kon yon otrich nan dezè.
4 Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo,
tèlman yo swaf;
ti piti yo mande pen,
men pèsòn pa kase bay yo.
5 Sila ki te konn manje ti manje delika yo,
vin abandone nan lari.
Sila ki te leve nan abiman an mov yo
ap degaje yo chèche kaka bèf.
6 Paske inikite a fi a pèp mwen an
pi gwo ke peche Sodome,
ki te boulvèse nan yon moman,
san pa t gen men ki boulvèse l.
7 Prens li yo te pi pwòp ke lanèj.
Yo te pi blan ke lèt.
Yo te pi wouj pase koray.
Yo te poli tankou pyè safì.
8 Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon.
Yo pa menm rekonèt yo nan lari.
Chè yo vin kole sou zo yo.
Li fennen nèt.
Li vin tankou bwa.
9 Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo,
ke sila ki touye ak grangou yo;
paske yo vin chagren
e epwize akoz mank fwi chan an.
10 Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo
te bouyi pwòp pitit yo.
Yo te devni manje pou yo,
akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
11 SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a.
Li te vide gwo kòlè Li a.
Li te limen yon dife nan Sion,
ki te manje tout fondasyon Li yo.
12 Wa latè yo pa t kwè,
ni okenn abitan nan mond lan,
ke advèsè ak ènmi an ta ka antre
nan pòtay Jérusalem nan.
13 Akoz peche a pwofèt li yo
ak inikite a prèt li yo,
ki te vèse nan mitan li
san a moun ladwati yo.
14 Yo egare e avèg nan lari yo.
Yo te vin souye ak san,
jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.
15 “Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm.
“Sòti, sòti, pa touche!”
Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou.
Pami nasyon yo, yo te di:
“Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.
16 Prezans a SENYÈ a te gaye yo.
Li p ap kontinye bay yo swen.
Yo pa t onore prèt yo,
Yo pa t respekte ansyen yo.
17 Malgre sa, zye nou febli.
Chache sekou te vin initil.
Nan chache, nou te chache pou yon nasyon
ki pa t ka sove.
18 Konsa, yo te fè lachas dèyè nou
jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo.
Lafen nou vin pwòch.
Jou nou yo fin akonpli,
paske dènye moman nou vin rive.
19 Sila ki te kouri dèyè nou yo
te pi vit pase èg k ap vole anlè.
Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo.
Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.
20 Souf lè ki nan nen nou,
nou menm ki onksyone de SENYÈ a,
te vin kaptire nan twou fòs yo,
de sila nou te konn di:
“Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.
21 Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom an,
ki rete nan peyi Uts la.
Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou.
Ou va vin sou.
Ou va vin toutouni.
22 Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete,
O fi a Sion an.
Li p ap ekzile nou ankò.
Li va pini inikite nou an, O fi Edom an.
Li va fè parèt tout peche ou yo!
5:1 Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè repwòch nou.
2 Eritaj nou te bay kon don a etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
3 Nou te devni òfelen san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
4 Nou oblije achte dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
5 Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
Nanpwen repo pou nou.
6 Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
7 Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
8 Se esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
9 Nou riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10 Po nou vin kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11 Yo te ravaje tout fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12 Prens yo te pann pa men yo;
ansyen yo te vin pa respekte.
13 Jennonm yo te fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14 Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite mizik yo.
15 Jwa nan kè nou vin sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16 Kouwòn nan soti sou tèt nou;
malè a nou menm, paske nou te peche!
17 Akoz sa, kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18 Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20 Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21 Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22 Men Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.