Jephthé Jij Israël

Filisten yo ak fis Ammon yo toupizi Israël, epi Jephthé vin jij.

1206 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jij Yo 10:6–12:7

6 Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li. 7 Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo. 8 Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo. 9 Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël. 10 Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”

11 SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo? 12 Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo. 13 Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò. 14 Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”

15 Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.” 16 Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.

17 Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa. 18 Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”

11:1 Alò, Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté 2 Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.” 3 Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.

4 Li te vin rive apre yon tan ke fis Ammon yo te goumen kont Israël. 5 Lè fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la. 6 Konsa, yo te di a Jephthé: “Vin fè chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo.”

7 Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: “Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”

8 Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: “Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen bò kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e vin chèf sou tout pèp Galaad la.”

9 Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: “Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?”

10 Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: “SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va fè sa ou mande nou fè a.”

11 Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te fè li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan Mitspa.

12 Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”

13 Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”

14 Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo. 15 Li te di li yo: “Konsa pale Jephthé: “Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo. 16 Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès. 17 Alò, Israël te voye mesaje yo vè wa Édom an, pou te di: ‘Souple, lese nou travèse peyi nou an,’ men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès. 18 Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan tèren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab. 19 Konsa, Israël te voye mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: “Souple, kite nou pase nan tèritwa pa ou a pou rive nan plas nou.” 20 Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan tèritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël. 21 SENYÈ a, Bondye a Israël la, te meteSihon avèk tout pèp li a nan men Israël, e yo te genyen yo. Konsa, Israël te vin posede tout tèren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo. 22 Epi yo te vin posede tout tèren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an. 23 Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan tèren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li? 24 Èske nou pa posede deja sa ke Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li. 25 Alò, èske ou pi bon ke Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm fè traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo? 26 Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a? 27 Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”

28 Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a. 29 Alò, Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.

30 Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m, 31 konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”

32 Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li. 33 Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.

34 Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi. 35 Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”

36 Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.” 37 Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou vyèj, mwen menm avèk zanmi mwen yo.

38 Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj. 39 Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël, 40 pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.

12:1 Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephthé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.” 2 Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo. 3 Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”

4 Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.” 5 Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”, 6 alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.

7 Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.