Jacob vwayaje al Succoth

Vwayaj Jacob pou ale Succoth, apre alyans li ak Laban.

1738 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 32:1–33:17

1 Alò, pandan Jacob te fin pran wout li, zanj Bondye yo te rankontre li. 2 Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Konsa, li te nonmen plas sa a Mahanaïm.

3 Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan tèritwa Édom an. 4 Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a. 5 Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’”

6 Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”

7 Epi Jacob te vin pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen. 8 Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”

9 Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, O SENYÈ ki te di mwen an: ‘Retounen nan peyi ou, e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere,’ 10 mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen. 11 Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo. 12 Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”

13 Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon kado pou frè li, Ésaü: 14 De-san kabrit femèl, ven kabrit mal, de-san femèl mouton, ak ven mal, 15 trant chamo ki t ap bay lèt a pitit pa yo, karant bèf avèk dis towo, ven bourik femèl, ak dis ti bourik.

16 Li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Chak ekip te mache pou kont li, e li te di a sèvitè li yo: “Pase devan m, e mete yon espas antre de bann yo.” 17 Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’ 18 Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob. Se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Men gade byen, li la dèyè nou.’”

19 Li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, ak tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li. 20 Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’” 21 Epi kado a te pase devan li, e li menm te pase nwit lan menm kote li te fè kan an.

22 Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la. 23 Li te pran yo, e li te voye yo travèse dlo a. Konsa, li te voye travèse ak tout sa li te genyen.

24 Konsa, Jacob te rete tout sèl, e yon nonm te vin lite avèk li jis rive granmmaten. 25 Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l. 26 Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.”

Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”

27 Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?”

Li te reponn: “Jacob.”

28 Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.” 29 Alò Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la. 30 Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.”

31 Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan. 32 Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.

33:1 Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo. 2 Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye. 3 Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.

4 Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye. 5 Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?”

Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”

6 Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba. 7 Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.

8 Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?”

Jacob te reponn: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”

9 Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”

10 Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m. 11 Souple, pran kado ki te pote pou ou a, paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.

12 Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.” 13 Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri. 14 Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”

15 Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” 16 Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a. 17 Jacob te vwayaje a Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.