Sèvis Zidòl Kòmanse Pami fis Israël yo

1413 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jij Yo 2:6–13

6 Lè Josué te fin fè pèp la ale, fis Israël yo te ale yo chak nan pwòp eritaj pa yo pou posede tèren an. 7 Pèp la te sèvi Josué pandan tout jou a Josué yo e tout jou a ansyen ki te sèvi Josué yo, ki te wè tout gran zèv SENYÈ a te fè pou Israël yo.

8 Epi Josué, fis a Nun nan, Sèvitè SENYÈ a, te mouri nan laj san-dis ane. 9 Yo te antere li nan tèritwa eritaj pa li, nan Thimnath-Hérès nan peyi ti kolin Éphraïm yo, vè nò a Mòn Gaasch. 10 Tout jenerasyon sila a, osi, te vin ranmase vè zansèt pa yo. Konsa, te vin leve yon lòt jenerasyon apre yo ki pa t rekonèt SENYÈ a, ni nonplis zèv ke Li te fè pou Israël yo. 11 Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo. 12 Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 13 Yo te abandone SENYÈ a pou te sèvi Baal avèk Astarté yo.

Jij Yo 17–18

1 Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica. 2 Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”

3 Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.”

4 Konsa, lè li te fin retounen ajan an bay manman l, manman l te pran de-san pyès ajan an, li te bay yo a yon bòs fonn ajan, ki te fè avèk yo, yon imaj taye. Yo te rete lakay Mica.

5 Epi nonm nan, Mica, te gen yon lye sakre, li te fè yon efòd avèk zidòl lakay yo, e li te konsakre youn nan fis li yo pou ta kapab sèvi kòm prèt li. 6 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l. 7 Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la. 8 Konsa, nonm sa a te pati nan vil la, soti nan Bethléhem nan Juda pou ale rete nenpòt kote ke li ta kab twouve. Epi pandan li t ap fè vwayaj la, li te rive nan peyi ti kolin Ephraïm yo, vè lakay Mica. 9 Mica te mande li: “Se kibò ou sòti?”

Li te reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Bethléhem nan Juda, epi mwen pral rete nenpòt kote ke m twouve.”

10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre. 11 Levit la te vin antann avèk nonm nan e jennonm nan te vin pou li tankou youn nan fis li yo. 12 Alò, Mica te konsakre Levit la; jennonm nan te vin prèt li e li te rete lakay Mica. 13 Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.”

18:1 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Epi nan jou sa yo tribi a Danit yo t ap chache yon eritaj kote pou yo menm ta viv ladann; paske jis rive nan jou sa a, tiraj osò eritaj la potko tonbe pou yo kòm posesyon pami tribi Israël yo. 2 Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan tèren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch tèren an.”

Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la. 3 Lè yo te vin toupre lakay Mica, yo te rekonèt vwa a jennonm nan, Levit la; epi yo te vire akote la e te di li: “Se kilès ki te mennen ou isit la? Epi kisa w ap fè nan kote sa a? Epi kisa ou gen isit la?”

4 Li te di yo: “Men tèl bagay ak tèl bagay Mica te fè m, e li te anplwaye m, epi mwen te vin prèt li.”

5 Yo te di li: “Souple, mande Bondye pou nou kab konnen si vwayaj ke nou ap pran an va byen reyisi.”

6 Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.”

7 Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun. 8 Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?”

9 Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a. 10 Lè ou antre, ou va rive sou yon pèp ki an sekirite avèk yon peyi ase vast. Paske Bondye te mete li nan men ou, yon plas ki pa manke anyen ki sou latè.”

11 Alò, soti nan fanmi Danit yo, soti Tsorea avèk Eschthaol, sis-san lòm avèk tout zam lagè yo te pati. 12 Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim. 13 Yo te pase soti la nan peyi ti kolin Ephraïm yo pou te rive lakay Mica.

14 Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.” 15 Yo te vire akote la e te rive nan kay a jennonm nan, Levit la, lakay Mica e te mande li si tout bagay ale byen pou li. 16 Sis-san lòm ame avèk zam lagè, ki te pou fis a Dan yo, te kanpe akote antre pòtay la. 17 Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo.

18 Lè moun sila yo te antre lakay Mica pou te pran imaj taye a, efòd la avèk zidòl lakay yo a, avèk imaj fonn nan, prèt la te di yo: “Kisa nou ap fè la a?”

19 Yo te di li: “Pe la, mete men sou bouch ou e vini avèk nou pou devni pou nou yon papa, ak yon prèt. Èske li pi bon pou ou pou fè prèt lakay a yon sèl moun, oswa devni prèt a yon tribi e yon fanmi an Israël?”

20 Kè a prèt la te kontan. Li te pran efòd la avèk zidòl lakay yo a, imaj taye a e li te ale pami pèp la. 21 Yo te vire sòti pou te mete pitit yo avèk tout bèt yo avèk byen yo ranmase devan yo. 22 Lè yo te fè yon sèten distans soti lakay Mica, mesye ki te nan kay toupre lakay Mica yo te rasanble yo pou te vin jwenn fis a Dan yo. 23 Yo te kriye sou fis a Dan yo e yo te vire di Mica: “Kisa nou genyen nou vin rasanble konsa?”

24 Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”

25 Fis a Dan yo te di li: “Pa kite vwa ou tande pami nou, oswa mesye fewòs yo va vin tonbe sou ou e ou va pèdi lavi ou avèk lavi tout lakay ou.”

26 Konsa, fis a Dan yo te fè wout yo. Epi lè Mica te wè ke yo te twò fò pou li, li te vire retounen lakay li. 27 Epi yo te pran sa ke Mica te fè yo, avèk prèt ki te pou li a, e yo te vini bò kote Laïs, a yon pèp ki te pezib e an sekirite. Yo te frape yo avèk lam nepe; e yo te brile vil la avèk dife. 28 Pa t gen pèsòn pou sove yo akoz li te lwen Sidon e yo pa t gen relasyon avèk okenn lòt pèp. Li te nan vale ki te toupre Beth-Rehob la. Konsa, yo te rebati vil la pou te viv ladann. 29 Yo te rele vil la Dan, menm non a Dan, papa ki te fèt an Israël yo. Men avan sa, non a vil sa a se te Laïs. 30 Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit lan jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a. 31 Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a.