Dizyèm vwayaj la: Soti Alusch rive Rephidim
Bougonnen pou dlo, ak lagè kont Amalèk
Pèp la bougonnen pou dlo, epi gen lagè kont Amalèk.
1491 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
14 Yo te vwayaje soti Alusch pou te fè kan nan Rephidim. Se te la ke pèp la pa t gen dlo pou bwè a.
1 Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè. 2 Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.”
Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”
3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”
4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”
5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” 6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. 7 Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”
8 Alò, Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim. 9 Konsa, Moïse te di a Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk baton a Bondye a nan men m.”
10 Josué te fè jan Moïse te mande li fè a, e li te goumen kont Amalèk. Epi Moïse, Aaron, avèk Hur te monte anwo tèt do kolin nan. 11 Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen.
12 Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche. 13 Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe.
14 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”
15 Moïse te bati yon lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.” 16 Li te di: “SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.”
Onzyèm vwayaj la: Soti Rephidim rive Sinaï
Yo bay lalwa a
15 Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan dezè Sinaï a.
1 Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè Sinaï a. 2 Lè yo te pati soti Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan.
3 Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo: 4 ‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm. 5 Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen. 6 Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”
7 Se konsa Moïse te vini, e te rele ansyen pami pèp yo. Konsa, li te plase devan yo tout pawòl sa yo ke SENYÈ a te kòmande li. 8 Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.”
Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
10 SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo; 11 epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
12 “Ou va fè bòn limit pou moun toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò. 13 Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.”
14 Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo. 15 Li te di a pèp la: “Mete ou prè pou twazyèm jou a; pa pwoche pre fanm.”
16 Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble. 17 Epi Moïse te mennen pèp la sòti nan kan an pou rankontre Bondye. Yo te kanpe nan pye mòn nan.
18 Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
19 Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e Bondye te reponn avèk tonnè.
20 SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte. 21 SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri. 22 Osi, ke prèt ki pwoche toupre SENYÈ yo konsakre yo menm, oswa SENYÈ a va eklate kont yo.”
23 Moïse te di a SENYÈ a: “Pèp la pa kapab monte sou Mòn Sinai a, paske Ou te avèti nou, e te di: ‘Mete limit bòn yo antoure mòn nan, e konsakre li.’”
24 Alò, SENYÈ a te di li: “Ale desann e monte ankò, ou menm e Aaron avèk ou. Men pa kite prèt yo, ni pèp la pase antre pou monte vè SENYÈ a, oswa L ap eklate sou yo.”
25 Konsa, Moïse te desann vè pèp la e te pale yo.