Bondye mete Abraham aleprèv

Eprèv Abraham nan.

1871 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 22:1–19

1 Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.

2 Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”

3 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.

4 Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans. 5 Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”

6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.

7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!”

Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.”

Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”

8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.

9 Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. 10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.

11 Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”

Li te reponn: “Men mwen isit la.”

12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”

13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”

15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”

19 Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.

Lanmò ak antèman Sarah 1859 anvan Christ

Jenèz 23

1 Alò, Sarah te viv pandan san-ven-sèt ane. Men sa yo ki te lane a Sarah. 2 Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.

3 Konsa, Abraham te leve kite mò li a. Li te pale a fis a Heth yo. Li te di: 4 “Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”

5 Fis a Heth yo te reponn Abraham. Yo te di l: 6 “Koute nou, mèt mwen, ou menm, se yon prens Bondye pami nou. Antere mò ou a nan pi bon chwa ou nan tonm pa nou yo. Nanpwen pèsòn ki va refize ou yon plas antèman pou mò ou a.”

7 Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo. 8 Li te pale avèk yo, e te di: “Si se volonte ou pou m antere mò mwen an kote mwen p ap wè l, koute mwen, e pale ak Ephron fis Tsochar a pou mwen, 9 ke li kapab ban mwen kav Macpéla ki pou li a, ki nan pwent chan li an. Pou tout pri ke li fò, ke li ban mwen li devan nou kòm yon lye antèman an.”

10 Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di: 11 “Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”

12 Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a. 13 Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”

14 Konsa, Ephron te reponn Abraham e te di li: 15 “Mèt mwen, koute mwen. Yon mòso tè ki vo kat-san pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.”

16 Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal.

17 Pou sa a, chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede 18 a Abraham kòm posesyon nan prezans fis a Heth yo, devan tout moun ki te antre nan pòtay vil li a. 19 Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron) 20 Konsa, fis a Etyen yo te bay papye tè a enkli ak kav la; yo te transfere li a Abraham pou yon landwa antèman.

Fanmi Rebecca

Jenèz 22:20–24

20 Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: 21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan 22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” 23 Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan. 24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.