Bondye fin pale ak Job

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 40:6–41:34

6 Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:

7 Alò, mare senti ou kon gason;

Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.

8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?

Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?

9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,

ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?

10 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.

Mete sou ou lonè ak laglwa.

11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou.

Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.

12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba.

Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.

13 Kache yo ansanm nan pousyè a.

Mare figi yo nan plas kache a.

14 Epi konsa M ap konfese a ou menm

ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.

15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè

menm tankou Mwen te fè w la;

Li manje zèb tankou bèf.

16 Gade koulye a, fòs li nan ren li,

e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.

17 Li koube ke li tankou yon sèd;

venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.

18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;

janm li tankou ba fè.

19 Li se premye nan chemen Bondye a;

fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.

20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje

kote tout bèt sovaj latè yo jwe.

21 Anba zèb dlo, li kouche;

nan kouvèti wozo a ak marekaj la.

22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;

bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.

23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;

li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.

24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;

menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

41:1 Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch?

Oswa peze lang li desann ak yon kòd?

2 Èske ou kab mete yon kòd nan nen l,

oswa pèse machwè l ak yon zen?

3 Èske l ap fè ou anpil siplikasyon,

oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?

4 Èske l ap fè yon akò avèk ou?

Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?

5 Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo,

oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?

6 Èske komèsan yo va fè komès avè l?

Èske y ap divize li pami machann yo?

7 Èske ou kab plen po li ak gwo lans,

oswa tèt li ak fren lapèch?

8 Poze men ou sou li! Sonje batay la byen!

Ou p ap fè l ankò

9 Gade byen, esperans ou fo.

Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?

10 Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve.

Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?

11 Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li?

Tout bagay anba tout syèl la se pa M.

12 Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo,

oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.

13 Se kilès ki kab retire pwotèj eksteryè li?

Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?

14 Kilès ki kab ouvri pòt figi li?

Gwo laperèz antoure dan l.

15 Gwo kal li yo se gran ògèy li;

yo fèmen byen byen di.

16 Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.

17 Yo jwenn youn ak lòt;

yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.

18 Lè li estène, li fè limyè vin parèt;

e zye li tankou pòpyè zye nan maten.

19 Tòch dife yo sòti nan bouch li;

sann volan yo vòltije vin parèt.

20 Sòti nan nen l, se lafimen;

konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi,

oswa fèy sèch k ap pran dife.

21 Souf li ka limen chabon,

e flanm yo sòti nan bouch li.

22 Kou li se yon rezèvwa fòs

e gwo laperèz danse devan l.

23 Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm;

byen solid sou li, e yo pa kab deplase.

24 Kè li di tankou wòch,

di menm tankou gwo wòch moulen.

25 Lè l leve pi pwisan yo vin pè;

akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.

26 Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen,

ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.

27 Pou li mòso fè se konsi se pay;

bwonz se tankou bwa pouri.

28 Flèch pa kab fè l sove ale;

wòch fistibal se kras raje devan l.

29 Baton yo menm se pay.

Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.

30 Pati anba li se tankou cha kanari;

li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.

31 Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm;

li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.

32 Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye;

konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.

33 Nanpwen anyen sou latè ki tankou li;

yon bèt ki fèt san pè anyen.

34 Li gade sou tout bagay ki wo;

Li se wa sou tout fis ògèy yo.