Pati 4: Lòt bilding Salomon yo ak mayifisans li

Bondye parèt devan Salomon

Konstriksyon kay Forè Liban an. Bondye parèt devan Salomon.

1004 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 7:1–12

1 Alò, Salomon te bati pwòp kay pa li pandan trèz ane, e li te fini tout kay li a nèt. 2 Li te bati kay la avèk materyo forè Liban an. Longè li te san koude, lajè li te senkant koude e wotè li te trant koude, sou kat ranje pilye yo fèt an sèd avèk travès sèd sou pilye yo. 3 Li te mete pano an sèd yo anwo chanm akote ki te sou karant-senk pilye yo, kenz nan chak ranje. 4 Te gen fenèt ki te dekore an twa ranje ak fenèt ki te opoze a fenèt yo an twa ranje. 5 Tout pòtay avèk poto pòt yo te gen ankadreman kare, byen dekore e fenèt yo te opoze a pòt yo an twa ranje. 6 Li te fè galeri a avèk pilye yo. Longè li te senkant koude, lajè li te trant koude e yon galeri te devan yo avèk pilye avèk yon pòtay antre pa devan yo. 7 Li te fè sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la. 8 Kay kote li t ap viv nan lòt lakou anndan an te fèt avèk menm kalite travay la. Li te osi fè yon kay tankou sal sila a pou fi a Farawon an, avèk sila li te marye a. 9 Tout sa yo se te avèk wòch presye avèk wòch ki te koupe sou mezi, ki te siye avèk si, anndan kon deyò; menm soti nan fondasyon an jis rive anba twati yo e menm jan an, sou eksteryè a rive nan gran lakou a. 10 Fondasyon an te fèt avèk wòch presye, gwo wòch, wòch nan dis koude ak wòch nan uit koude. 11 Anwo se te wòch presye ki te koupe sou mezi, ansanm ak bwa sèd. 12 Konsa, gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la.

II Kwonik Yo 7:11–22

11 Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.

12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.

13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo. 15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a. 16 Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.

17 “Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, 18 alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’

19 “Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo, 20 alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo. 21 Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a? 22 Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”

I Wa Yo 9:1–9

1 Alò, li te vin rive ke lè Salomon te fin bati kay SENYÈ a, ak kay wa a ak tout sa ke Salomon te vle fè, 2 SENYÈ a te parèt a Salomon yon dezyèm fwa, jan Li te parèt kote li nan Gabaon an. 3 SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt. 4 E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo, 5 alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’ 6 Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo, 7 alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo. 8 Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a? 9 Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”

Konkèt Salomon yo ak lòt aksyon li yo 1001 anvan Christ

I Wa Yo 9:10–14

10 Li te vin rive vè fen ventan ke Salomon t ap bati de kay yo, kay SENYÈ a ak kay wa a, 11 (Hiram, wa Tyr la te founi Salomon avèk bwa sèd ak bwa pichpen avèk lò, selon sa ke li te vle a), alò, Wa Salomon te bay Hiram ven vil nan peyi Galilée. 12 Konsa, Hiram te sòti Tyr pou vin wè vil ke Salomon te ba li yo, e yo pa t fè l kontan. 13 Li te di: “Ki vil sa yo ke ou te ban mwen yo, frè mwen?” Pou rezon sa a, yo te ba yo non a peyi a Cabul menm rive jis jodi a. 14 Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò.

II Kwonik Yo 8:1–11

1 Alò, li te vin rive nan fen ven ane pandan sila yo Salomon te bati kay SENYÈ a avèk pwòp kay li a, 2 ke li te fin bati vil ke Huram te ba li yo, e li te etabli Izrayelit yo ladann.

3 Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li. 4 Li te bati Thadmor nan dezè a ak tout vil depo ke li te bati nan Hamath yo. 5 Anplis, li te bati Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje; 6 avèk Baalath ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, tout vil pou cha li yo avèk vil pou chevalye yo ak tout sa ki te fè kè Salomon kontan pou bati nan Jérusalem, nan Liban ak nan tout peyi ki te anba règleman li yo.

7 Tout moun nan pèp la ki te rete nan Etyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, avèk Jebizyen ki pa t yon pati nan Israël, 8 ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a. 9 Men Salomon pa t fè esklav pou travay li pami fis Israël yo. Yo te mesye lagè, chèf kapitèn li avèk kòmandan a cha li yo ak chevalye li yo. 10 Sila yo te chèf prensipal a Wa Salomon; de san senkant yo ki te dirijan sou pèp la.

11 Salomon te mennen fè monte fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.”

I Wa Yo 9:24

24 Men fi Farawon an te monte soti nan vil David la pou rive nan kay ki te bati pou li a. Epi konsa, Salomon te bati Sitadèl Millo a.