Dènye Pwofesi Ézéchiel kont Égypte

Dènye prediksyon kont Égypte.

572 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 29:17–30:19

17 Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. 19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.

21 “Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

30:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di:

2 “Fis a lòm, pwofetize e di:

‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

“Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’

3 Paske jou a pwòch.

Menm jou SENYÈ a pwòch.

Li va yon jou nwaj,

yon tan fènwa pou nasyon yo.

4 Yon nepe va rive sou Égypte

e gwo doulè va rive Ethiopie,

lè sila yo touye yo tonbe an Égypte.

Yo va retire tout richès li yo

e fondasyon li yo va fin demoli nèt.

5 “‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup alyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”

6 “‘Konsa pale SENYÈ a:

“Anverite, sila ki sipòte Égypte yo va tonbe.

Ògèy a pouvwa li a va tonbe.

Soti nan Migdol jis rive Syène,

yo va tonbe pa nepe,”

deklare Senyè BONDYE a.

7 Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo.

Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo.

8 Yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,

lè M limen dife an Égypte la,

e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt.

9 “‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”

10 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Anplis Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann

pa men Nebucadnetsar, wa Babylone nan.

11 Li menm ak pèp li a avè l,

pi mechan pami nasyon yo va antre

pou detwi peyi a.

Yo va rale nepe yo kont Égypte,

e plen peyi a ak mò yo.

12 Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo,

e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo.

Mwen va fè peyi a vin dezole

ak tout sa ki ladann

pa men etranje yo.

Mwen, SENYÈ a, fin pale.”

13 “‘Konsa pale Senyè Bondye a:

“Anplis, Mwen va detwi zidòl yo,

e fè imaj yo sispann nan Noph.

P ap gen prens ankò nan peyi Égypte.

Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.

14 Mwen va fè Pathros vin dezole,

mete dife nan Tsoan,

e egzekite jijman sou Nò.

15 Mwen va vide chalè kòlè Mwen

sou Sin, sitadèl a Égypte la.

Anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo.

16 Mwen va mete dife an Égypte.

Sin va vin tòde ak gwo doulè.

No va kraze an mòso, separe.

Noph va gen brèch nèt ak gwo twoub chak jou.

17 Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe.

Y ap antre an kaptivite.

18 Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa,

lè M kraze jouk an fè Égypte la.

Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li.

Yon nwaj va kouvri li,

e fi li yo va antre an kaptivite.

19 Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte.

Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”