Yo monte Élie nan syèl la
896 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk Élisée sòti Guilgal. 2 Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.”
Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.
3 Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di:
“Wi, mwen konnen. Pa pale!”
4 Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.”
Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
5 Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?”
Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”
6 Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.”
Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse. 7 Alò senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an. 8 Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch. 9 Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.”
Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”
10 Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”
11 Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. 12 Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout. 13 Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an. 14 Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.
15 Alò, lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li. 16 Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.”
Li te di: “Ou p ap voye yo.”
17 Men lè yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”.
Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li. 18 Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”
19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”
20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’” 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.
23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” 24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo. 25 Li te kite la pou rive Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.
Joram bat Moabit yo 895 anvan Christ
6 Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël. 7 Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?”
Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” 8 Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?”
Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.” 9 Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo. 10 Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”
11 Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?”
Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
12 Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.
13 Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.”
Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”
14 Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, si se pa ke m respekte prezans a Josaphat, wa Juda a, mwen pa t ap gade ou, ni wè ou. 15 Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, men SENYÈ a te vini sou Elisée. 16 Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’ 17 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Ou p ap wè van ni ou p ap wè lapli. Malgre sa, vale sila a va vin ranpli avèk dlo pou nou kab bwè; ni nou, ni bèf nou yo, ni bèt nou yo. 18 Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou. 19 Konsa, nou va frape chak vil ki fòtifye e chak nan pi bèl vil yo, koupe mete atè tout bon pyebwa, bouche tout sous dlo e gate tout bon mòso tè avèk wòch yo.’”
20 Li te vin rive nan maten vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.
21 Alò, tout Moabit yo te tande ke wa yo te monte pou goumen kont yo. Epi tout moun ki te kapab, te mete vètman pwotèj yo e sila avèk plis laj yo te resevwa lòd pou vin kanpe sou lizyè fwontyè a. 22 Yo te leve bonè nan maten, solèy la te vin klere sou dlo a, e Moabit yo te wè dlo anfas yo a wouj tankou san. 23 Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
24 Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo. 25 Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li. 26 Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab. 27 Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi an. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.