Lapriyè Daniel ak Swasanndis Semèn yo
Lapriyè Daniel pou restorasyon Jérusalem, ak pwofesi sou swasanndis semèn yo.
538 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo— 2 nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo. 3 Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.
4 Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di:
“O SENYÈ, Gran Bondye ki etonan an, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo, 5 nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo. 6 Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.
7 Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo. 8 O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou. 9 A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li. 10 Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo. 11 Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou.
Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li. 12 Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan. 13 Jan sa ekri nan lalwa Moïse la, tout malè sa a te vini sou nou. Malgre sa, nou pa t chache gras a SENYÈ a, Bondye nou an, ak desizyon pou vire kite inikite nou, e vin okipe nou de verite pa Ou a. 14 Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.
15 Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste. 16 O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.
17 Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, kite fas ou briye sou sanktyè dezole Ou a. 18 O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou. 19 O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”
20 Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an— 21 pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a. 22 Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon konprann. 23 Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.
24 “Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
25 “Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble. 26 Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens lan ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafen. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine. 27 Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”
1 Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!
Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.
2 Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;
Panche zòrèy Ou bò kote m.
Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
3 Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen,
e zo m te chofe tankou yon chemine.
4 Kè m fin frape tankou zèb.
Li fennen nèt.
Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
5 Akoz gwo bri kri mwen yo,
zo m yo kole sou chè m.
6 Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè.
Mwen tankou yon frize nan gran savann.
7 Mwen kouche zye tou louvri.
Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
8 Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.
Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
9 Paske mwen te manje sann kon pen e
mele bwason m ak dlo zye m,
10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.
Ou te leve m wo e te jete m lwen.
11 Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long.
Mwen vin fennen tankou zèb.
12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan
E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
13 Ou va leve pou fè pitye sou Sion,
paske se lè pou fè li gras.
Lè apwente a fin rive l.
14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.
Yo plen tristès akoz pousyè li.
15 Pou sa, nasyon yo va krent non SENYÈ a,
e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
16 Paske se SENYÈ a ki te ranfòse Sion.
Li te parèt nan glwa Li.
17 Li te prete atansyon a lapriyè malere yo,
e pa t meprize priyè yo.
18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.
Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.
Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
20 pou tande vwa plenyen a prizonye a,
pou mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,
21 Pou lèzòm ta kab pale sou non SENYÈ a nan Sion,
e bay lwanj Li nan Jérusalem,
22 pandan pèp yo rasanble ansanm ak
wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an.
Li rakousi nonb de jou mwen yo.
24 Mwen te di: “O Bondye mwen an,
pa rache m nan mitan jou mwen yo.
Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
25 Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè,
e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
26 Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou.
Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.
Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.
Ane pa Ou yo p ap janm fini.
28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,
e desandan pa yo va etabli devan Ou.”