Cyrus Pibliye yon Dekrè pou Retou Jwif yo

536 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Esdras 1:1–4

1 Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:

2 “Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda. 3 Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la (Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan. 4 Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”

Sòm Yo 126

Yon chan pou monte vè tanp lan

1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,

nou te tankou sila ki fè rèv yo.

2 Nan lè sa a, bouch nou te plen

ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.

Konsa, yo te di pami nasyon yo:

“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”

3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.

Nou kontan.

4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,

kon rivyè nan dezè a.

5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo

Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.

6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.

Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,

akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.

Sòm Yo 85

Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo

1 O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.

Ou te restore kaptivite a Jacob la.

2 Ou te padone inikite a pèp Ou a.

Ou te kouvri tout peche yo.

3 Ou te retire tout gran kòlè Ou.

Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.

4 Restore nou, O Bondye a sali nou an,

e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.

5 Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?

Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?

6 Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò?

Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?

7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.

Pèmèt nou resevwa sali Ou a.

8 Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.

Paske L ap pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,

men pa kite yo retounen nan foli yo.

9 Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,

pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.

10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.

Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.

11 Verite vòltije sòti nan latè, e

Ladwati veye depi anwo nan syèl la.

12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,

e peyi nou an va bay rekòlt li.

13 Ladwati va mache devan L.

L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.

II Kwonik Yo 36:22–23

22 Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di: 23 Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”