Premye Lekti Woulo a pa Baruc

606 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 36:1–8

1 Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: 2 “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a. 3 Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”

4 Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo. 5 Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a. 6 Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo. 7 Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”

8 Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a.

Yo Konsole Baruc Apre li Fin Li Woulo a

Jérémie 45

1 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di: 2 Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc: 3 ‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”

4 “Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.” 5 Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”

Kaptivite a Kòmanse

II Wa Yo 24:1

1 Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li.

II Kwonik Yo 36:6–7

6 Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone. 7 Anplis, Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan.

Daniel 1:1–7

1 Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li. 2 Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.

3 Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan fanmi wayal la ak kèk nan prens yo: 4 jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo. 5 Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.

6 Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. 7 Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.

II Wa Yo 24:3–4

3 Anverite, sou kòmand SENYÈ a, li te rive Juda, pou retire yo devan zye Li akoz peche a Manassé yo selon tout sa ke li te fè yo, 4 anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa.