Balaam ak Balak (continued)

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Nonb 24

1 Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a. 2 Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.

3 Li te reprann diskou li e te di:

“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,

Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;

4 Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo,

ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe,

men zye li gen tan vin debouche.

5 Ala tant nou yo bèl, O Jacob,

ak abitasyon nou yo, O Israël!

6 Tankou vale ki vin ouvri byen laj,

tankou jaden ki bò kote rivyè yo,

tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a,

tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.

7 Dlo yo va koule nan bokit li yo,

e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo.

Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.

8 Bondye mennen l sòti an Égypte.

Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon.

Li va devore nasyon ki advèsè li yo.

Li va kraze zo yo an mòso,

Li va kraze yo avèk flèch li yo.

9 Li koube ba, li kouche tankou yon lyon;

tankou yon manman lyon.

Se kilès ki kab tante deranje l?

Beni se tout moun ki beni ou,

e modi se tout moun ki modi ou.”

10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! 11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”

12 Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo: 13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale? 14 Epi koulye a, veye byen, mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”

15 Li te reprann diskou li e te di:

“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,

e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,

16 Li di ki tande pawòl Bondye yo,

ki gen konesans a Trè Wo a,

ki wè vizyon a Toupwisan an,

k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.

17 Mwen wè li, men pa koulye a.

Mwen gade l, men pa toupre.

Yon zetwal va sòti nan Jacob.

Yon baton a wa va leve sòti an Israël.

Li va kraze travèse fwon Moab la,

e li va dechire tout fis a Seth yo.

18 Édom va yon posesyon pou li.

Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li,

pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.

19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa,

li va detwi retay lavil la.”

20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di:

“Amalec se te premye nan nasyon yo,

men lafen li pi lwen se destriksyon.”

21 Epi li te gade Kenizyen an, li te reprann diskou li e li te di:

“Kote ou rete a, gen andirans.

Nich kote ou chita nan falèz la.

22 Malgre, Cain va gate nèt,

jis lè Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”

23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di:

“Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?

24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim.

Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber.

Men li menm tou va vin detwi.”

25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan plas li, e Balak osi te al fè wout li.

Karanndezyèm vwayaj la: plenn Moab yo

Karanndezyèm vwayaj la: plenn Moab yo, avèk kan an bò Beth-Jeschimoth ak Abel-Sittim.

Nonb 33:49

49 Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.

Idolatri Baal nan Peor

Nonb 25

1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. 2 Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. 3 Konsa, Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.

4 SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”

5 Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo menm avèk Baal Peor la.”

6 Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a. 7 Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l, 8 epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann. 9 Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).

10 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 11 “Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.

12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen. 13 Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”

14 Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. 15 Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. 16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17 “Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo; 18 paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”