Yon entwodiksyon sou destriksyon Jérusalem
Yon entwodiksyon jeneral sou istwa destriksyon tanp lan ak Jérusalem.
595 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
11 Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem. 12 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a. 13 Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la. 14 Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.
15 SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a; 16 men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
17 Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li. 18 Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone. 19 Anfen, yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo. 20 Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte. 21 Sa te fèt pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a jiskaske swasann-dizan an te fin pase.
1 Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li. 2 Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a Wa Sédécias la.
Kaldeyen yo ap pwoche; esklav Ebre yo libere 590 anvan Christ
Lame Kaldeyen yo ap pwoche. Yo anonse davans yo pral pran Sédécias ak vil la. Yo libere esklav Ebre yo.
1 Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.
1 Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan. 2 Men ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.
3 Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”
4 Alò, Jérémie te toujou ap sikile pami pèp la, paske yo potko mete l nan prizon.
1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li a, ak tout wayòm latè ki te anba pouvwa l yo ak tout pèp yo, t ap goumen kont Jérusalem e kont tout vil li yo, ki te di: 2 Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Ale pale a Sédécias, wa Juda a, epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap bay vil sa a pou antre nan men a wa Babylone nan, e li va brile li ak dife. 3 Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”
4 “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, O Sédécias, wa Juda a. Konsa pale SENYÈ a konsènan ou menm, ‘Ou p ap mouri pa nepe. 5 Ou va mouri anpè. Tankou epis yo te brile pou antèman papa zansèt ou yo, ansyen wa ki te avan ou yo, se konsa yo va brile epis pou ou. Yo va fè kri dèy pou ou: “Anmwey mèt nou an”, paske se Mwen ki bay mo sa a’ deklare SENYÈ a.”
6 Epi Jérémie te pale tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem 7 lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.
8 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a apre Wa Sédécias te fin fè yon antant ak tout moun ki te Jérusalem yo pou libere yo: 9 pou chak moun ta bay libète a sèvitè li e chak moun a sèvant li, yon gason Ebre oswa yon fanm Ebre; pou pèsòn pa ta kenbe yo, yon Jwif frè parèy yo, nan esklavaj. 10 Epi tout ofisye yo ak tout pèp la te obeyi a sila ki te antre nan akò a, ke chan moun ta libere sèvitè ak sèvant li yo, pou okenn moun pa ta kenbe yo an esklavaj. Yo te obeyi e te bay yo libète.