Abraham marye ak Ketura
1856 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura. 2 Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach. 3 Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. 4 Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo. 5 Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac; 6 men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.
Nesans Ésaü ak Jacob 1836 anvan Christ
19 Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.
23 SENYÈ a te di li:
“Gen de nasyon nan vant ou.
De pèp va vin separe sòti nan vant ou.
Yon pèp va pi pwisan ke lòt la.
Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. 25 Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
27 Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan an. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant. 28 Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
Lanmò Abraham 1821 anvan Christ
7 Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane. 8 Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li. 9 Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré, 10 chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah.